Testo Li Lè - Luck Mervil
Testo della canzone Li Lè (Luck Mervil), tratta dall'album Ti Peyi A
Lonje men ou ba li
Gade li lan je woy!
Pa koupe l koutje
Trankil, trankil n a va vanse
Kite l konnen tout santiman ou
Kite li wè tout sa k anndan ou
Pa gen pi bel pase lanmou, e sa!
Mesye yo dekole do n sou mi yo
Al chèche dam yo pou n al fon virewon
Men konpe m yo retire kat min ki lan fwon, nou yo
Vin lève fanm yo al f on ti virewon
Men si ou pa senti bon, men fout rete lan wòl ou
Si ou se vakabon, zanmi chita lakay ou
Si alèn ou move, lamitye fout rete lan wòl ou
Si ou pa kon danse, tan pri chita lakay ou
Mesye lontan yo pa t kon pale nepòt pawol oh!
Yo te konn vin ak onè yo pati ak respè, tout bon
Konpe lontan yo pa t konn bat djol yo nenpòt jan non, non, non, non
Yo te konn vin ak onè, yo pati ak respè
Mezanmi
Li lè, li lè pou nou we woy!
Li lè, li lè pou youn gade lot lan je
Li lè, men li lè pou nou wè woy!
Li lè, li lè pou nou renmen san danje
Woy! Mezanmi li lè woy!
Kenbe do m li lè woy!
Pa lage m li lè woy!
Kenbe menm li lè woy!
Viv avè m li lè woy!
Renmen mwen li lè woy!
Pa kite m tonbe
Medam yo men demare figi nou
Vin fon ti soukwe chay nou
Pa ba yo move jan, non, non
Bèl kreyol retire kat min yo nan fwon ou doudou
Vin f on ti siye planche, vin f on ti balanse manman
Si soulye ou twò piti, men sa wa p fè lan bal la
Si mennaj ou jalou, retounen lakay ou
E si ou pa konn danse, di mwen sa wa p fout fè lan bal la
Si ou pa gen konvèsasyon, cheri retounen lakay ou
Medam lontan yo pa t konn pale nenpòt pawol
Yo te konn vin ak onè yo pati ak respè
Boubout lontan yo pa t konn bat djol yo nen pot jan non
Yo te konn vin ak onè yo pati ak respè
Mezanmi
Li lè, li lè pou nou we woy!
Li lè, li lè pou youn gade lòt lan je
Li lè, li lè pou nou we woy!
Li lè, li lè pou nou renmen san danje
Mezanmi li lè woy!
Gade jan li lè
Li lè pou n viv ansanm
Li lè pou nou konprann
Li lè pou n chèche fanmi nou
Li lè pou n renmen prochenn
Li lè pou nou tout egal
Li lè pou frè m yo manje
Li lè pou n sispann goumen
Li lè pou nou rasanble
Li lè pou youn renmen lòt
Pou n mache men dan lamen
Mennen m ale lakay mwen
Mennen m ale lakay mwen
M beswen ale lakay mwen
M beswen ale lakay mwen
Mennen m ale lakay mwen
Mennen m ale lakay mwen
Woy! M bezwen ale lakay mwen
Woy! Li lè mezanmi piga nou janm lage
Konnen li lè, kinbe do m li lè
Gade mwen li lè
Renmen mwen li lè
Li lè
Credits
Writer(s): Luck Mervil
Lyrics powered by www.musixmatch.com
Link
Disclaimer:
i testi sono forniti da Musixmatch.
Per richieste di variazioni o rimozioni è possibile contattare
direttamente Musixmatch nel caso tu sia
un artista o
un publisher.